Lapriyè

Lapriyè se aksyon ki pèmèt nou kominike avèk Papa nou ki nan syèl la(Adonaï Yahweh). Senyè Yeshua a(Jezi) , Pitit Bondye a, atravè gras li ak kado lavi li sou kwa Gòlgota a, te asire nou padon pou peche nou yo. Li te louvri tout chimen pou nou ki mennen nan Sanktyè a, kote ki pi sen an kote se sèlman Gran Prèt la ki te antre. Sa a, si nou mete lafwa nou nan li—pa yon lafwa entelektyèl, men yon lafwa ki eksprime nan aksyon ak obeyisans volontè anvè kòmandman li yo.

Jan 14v13-17

« Tou sa n’a mande nan non m’, m’a fè l’ pou vou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n’a mande nan non m’, m’a fè l’ pou vou.) Si ou renmen m’, se pou n’ obeyi kòmandman m’ yo. M’ap mande Papa a pou l’ ban nou yon lòt moun pou ankouraje vou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k’ap moutre nou verite a. Moun k’ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l’, paske yo pa ka wè l’, ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l’ paske li rete nan kè nou, paske li nan nou. »

Source: https://www.biblegateway.com/

Si nou gadé byen, Vèb « priye» parèt anviwon 371 fwa nan Bib la. Epi si nou mete non «priyè» ak lòt mo ki soti ladan l, nou wè yo pale de priyè souvan anpil, gen plis pase 650 priyè yo idantifye nan tèks Bib la. Yo anrejistre anviwon 450 repons pou priyè a. Premye fwa yo pale de li se nan Jenèz 4:26.

Jenèz 4:26

« Sèt, pou tèt pa l’, vin gen yon pitit gason, li rele l’ Enòk. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Seyè a ».

Moun ki gen lafwa ak sajès, tankou Salomon oswa Danyèl, te montre chemen pou pi devan. Men chemen ansyen yo pou swiv, sé sa yo rélé netivot olam.

Jeremi 6:16

« Men sa Adonaï Yahweh (Seyè) a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen(netivot olam) yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l’. Lè sa a n’a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p’ap fè sa! »

Danyel 6:10

« Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l’ jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a ».

1 Wa8:48-49

« si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou, tanpri, koute lapriyè y’ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo. »

Nou konnen grasa Yeshua, kounye a, pòt syèl la louvri e nou ka ale lib kèlkeswa kote nou soti, si nou fè l konfyans. Fè eksperyans lan epi di nou sa nan kòmantè yo pou ankouraje moun ki toujou ezite yo. Di nou, èske ou te jwenn repons pou priyè w yo tou?

Laisser un commentaire