31 jou, 31 Sijè lapriyè pou timoun an nou

31 jou lapriyè pou pitit nou yo#Jou1

Shalom pou lektè yo, mwen envite nou kòmanse 31 jou lapriyè pou pitit nou yo. Kounye a nou nan premye mwa ane a kalandriye biblik la; Rosh Hashanah 5786 (kòmansman ane biblik la) té dwe tonbe ant aswè 18 ak 19 fevriyé 2026, dapre obsèvasyon yo nan peyi Izrayèl la.

Sijè lapriye a:

  1. Delivrans: « Adonai Yahweh, se pou delivrans lan pote fwi nan kè pitit nou yo, pou yo ka jwenn delivrans ki nan Yeshua Ha Mashiah (Jezikri) avèk glwa etènèl. »

Vèsè: Ezayi 45:8; 2 Timote 2:10; Tit 3:5

Isa 45:8

« M’ap rete nan syèl la, m’ap voye fòs pouvwa sou nou tankou lapli, pou nou ka gen batay la. Latè pral louvri de bra l’ pou resevwa l’. Delivrans pral fleri sou latè, lajistis pral boujonnen toupatou. Se mwen menm Seyè YahweH a k’ap fè tou sa rive. »

Source: 

2 Timote 2:10

« Se poutèt sa m’ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. »

Tit 3:5

« li te delivre nou. Li pa t’ delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n’ te ka viv yon lòt jan. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 2

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se kwasans nan favè: « ann nou priye pou pitit nou yo grandi nan favè ak konesans Senyè nou an ak Sovè Yeshua Ha Mashiah ».

Vèsè:

2 Piè 3:18

« Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 3

Sijè lapriyè a se Charite: « Adonai Yahweh, nou priye pou pitit nou yo aprann viv yon lavi lanmou, atravè Ruah Kodesh (Lespri Bondye a) epi pou Li rete nan yo. »

Vèsè:

Galat 5v25

« Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n’ kite li dirije lavi nou nan tout bagay. »

Efezyen 5v2

« Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l’ la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l’ pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k’ap fè Bondye plezi ak bon sant li. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 4

Sijè lapriyè a se onètete ak entegrite: « Nou priye, Adonai, pou entegrite ak onètete ka vèti yo ak pwoteksyon yo. »

Vèsè: Sòm 25:21,

« Fè m’ viv yon jan ki san repwòch. Fè m’ mache dwat pou ou ka pwoteje m’, paske tout espwa mwen se nan ou li ye »

Pwovèb 10:9

« Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k’ap fè vis. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 5

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se Konfyans nan Bondye: « Se pou pitit nou yo grandi ak konfyans nan Elohim (Bondye) epi yo pa konte sou pwòp sajès yo. »

Vèsè pou jodi a se:
Pwovèb 3:5

« Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen. »

Sòm 3:6

« Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 6

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se Lanmou pou Pawòl Elohim (Bondye): « Se pou pitit nou yo grandi, y ap konsidere Pawòl ou a pi presye pase anpil lò, epi pi dous pase siwo myèl. »

Vèsè pou jodi a se:
Sòm 19:11

« Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k’ap degoute nan gato myèl. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 7

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se Pwoteksyon Elohim (Bondye): « Nou fè lwanj ou, paske ou fidèl; se pou ou fòtifye epi pwoteje pitit nou yo kont sa ki mal. »

Vèsè jounen an se:
2 Tesalonisyen 3:3

« Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L’ap ban nou fòs, la pwoteje nou anba Satan. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 8

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se Mizèrikòd : « Nou priye pou pitit nou yo montre mizèrikòd epi pou yo toujou gen mizèrikòd tankou Papa nou ki nan syèl la. »

Vèsè pou jodi a se:
Lik 1:50,

« L’ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. »

Lik 6:36

« Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 9

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se respè (pou tèt ou, pou lòt moun, ak pou otorite): « Papa nou ki nan syèl la-Adonaï Yahweh, nou priye nan non Jezi pou pitit nou yo ka montre respè ki apwopriye pou tout moun, jan Pawòl ou a kòmande nou. »

Vèsè jounen an se:
1 Pyè 2:1

« Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 10

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se estim pwòp tèt ou dapre Bib la: « Papa nou ki nan syèl la-Adonaï Yahweh, nou priye nan non Yeshua pou ou ede pitit nou yo devlope yon estim pwòp tèt ou ki solid, ki anrasinen nan konpreyansyon ke yo se travay Elohim (Bondye), kreye nan Yeshua Ha Mashiah. »

Vèsè pou jodi a se:
Efezyen 2:10,

« Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 11

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se fidelite: « Papa nou ki nan syèl la-Adonaï Yahweh, nou priye w nan non Yeshua, pou lanmou ak fidelite pa janm abandone pitit nou yo, men nou priye pou de bèl kalite sa yo ka mare nan kou yo epi ekri sou tablèt kè yo. »

Vèsè jodi a se

Pwovèb 3:3,

« Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo. »

Pwovèb 14:22

« Lè w’ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w’ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p’ap janm lage ou. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 12

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se Kouraj: « Papa nou ki nan syèl la-Adonaï Yahweh, nou priye w nan non Yeshua (Jezi), pou pitit nou yo ka toujou fò epi brav nan karaktè yo. »

Vèsè pou jodi a se:


Deteronòm 31v6
« Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p’ap janm lage nou, li p’ap janm kite nou pou kont nou. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 13

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se Pwopte: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Yeshua Ha Mashiah (Jezi-Kri), pou w kreye yon kè pwòp nan timoun nou yo, epi pou pwopte kè sa a parèt nan aksyon yo. »

Vèsè: Sòm 51:10

Sòm 51:10

« O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m’. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m’ sa kenbe fèm. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 14

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se Jantiyès: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Yeshua (Jezi) pou pitit nou yo toujou chèche fè byen youn ak lòt e ak nenpòt moun. »

Vèsè pou jodi a se:


1 Tesalonik 5v15
« Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 15

Sijè lapriyè a

« Sijè priyè a se Jenerozite: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Yeshua (Jezi) pou pitit nou yo ka jenere epi dispoze pataje epi pou yo ka ranmase yon trezò pou tèt yo, tankou yon fondasyon solid pou tan k ap vini yo. « 

Vèsè:

1 Timoté 6:18-19

« Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt. Konsa, y’a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y’a resevwa lavi tout bon an. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 16

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se Lapè: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Yeshua (Jezi) pou pitit nou yo ka fè tout efò pou akonpli sa ki kontribye nan Lapè. »

Vèsè pou jodi a se:


Ezayi 26v3
« Ou menm, Bondye, w’ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w’ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! »

Romains 14v19

« Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 17

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se lajwa: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Yeshua (Jezi) pou pitit nou yo ranpli ak lajwa Ruach Kodesh (Sentespri a) bay ».

Vèsè pou jodi a se:


1 Tesalonik 1v6
« Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri. »

Sòm 92v4

« Paske, Seyè YaHWeH, ou fè kè m’ kontan ak bèl mèvèy ou yo, m’ap fè fèt lè m’ wè tou sa w’ap fè. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 18

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se Pèseverans: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Yeshua (Jezi) pou w anseye pitit nou yo gen pèseverans nan tout sa y ap fè, epi ede yo sitou kouri avèk pèseverans nan direksyon Ruach Kodesh la (Sentespri a) ».

Vèsè:

Ebre 12:1

« Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k’ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. »

1 Korint 15:58

« Konsa, frè m’ yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n’ toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n’ap fè pandan n’ap viv ansanm ak Seyè a p’ap janm pèdi. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 19

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se imilite: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Yeshua (Jezi) pou w anseye pitit nou yo avèk jantiyès pou yo kiltive kapasite pou yo manifeste vrè imilite anvè tout moun. »

Vèsè:

Tit 3:2

« Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.

Pwovèb 22:4

« Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W’a gen richès, y’a nonmen non ou, w’a viv lontan.« 

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 20

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se Konpasyon: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Yeshua (Jezi) pou w ban pitit nou yo bon jan konpasyon. »

Vèsè:

Kolòs 3:12

« Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n’ ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n’ aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.

Sòm 145:9

« Seyè YaHWeH a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 21

Sijè lapriyè a

Sijè lapriyè a se Responsablite: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w nan non Jezikri pou pitit nou yo ka aprann responsablite, paske chak moun dwe pote pwòp chay pa yo. »

Vèsè:

Kolòs 3:23

« Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l’ ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t’ap travay, men pou Seyè Yeshua a

Galasi 6:5

« Paske, chak moun gen chay pa yo pou yo pote ».

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 22

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se Satisfaksyon, sa i yé satisfè ak sa yo genyen: « Papa nou ki nan syèl la, nou priye w pou w anseye pitit nou yo sekrè pou yo satisfè ak sa yo genyen nan nenpòt sitiyasyon, gras ak moun ki ba yo fòs pou sa a, (Yeshua (Jezi) ). »

Vèsè:

1 Timote 6:6

« Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l’ kontan ak sa li genyen an.« 

Filip 4:12-13

« Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m’ bezwen, nan tout sikonstans m’ aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje m’, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 23

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se Lafwa : « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezikri), n ap priye w pou lafwa pran rasin, e pou l grandi nan kè pitit nou yo, pou, gras ak lafwa, yo jwenn sa yo te pwomèt yo a. »

Vèsè:

Lik 17:5-6

« Apòt yo di Yeshua (Jezi): Fè nou gen plis konfyans non. Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou sot la a, al plante tèt ou nan lanmè, li ta obeyi nou . »

Ebre 11:1-40

« Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l’ resevwa sa l’ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 24

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se kè yon sèvitè : « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezikri), n ap priye w pou w ede pitit nou yo devlope yon kè sèvitè, pou yo sèvi ak tout kè yo, tankou y ap sèvi Adonaï YaHWeH, e non pa lòm. »

Vèsè:

Efèz 6:7

« Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t’ap travay, men pou Seyè YaHWeH a. »

Ròm 12:1

« Se sak fè, frè m’ yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye(Elohim), bèt yo ofri tou vivan epi k’ap fè Bondye (Elohim) plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye (Elohim) tout bon. »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 25

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se espwa: « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezikri), n ap priye w pou w ban pitit nou yo anpil kè kontan ak espwa gras ak pouvwa Sentespri a. »

Vèsè:

Ròm 15:13

Mwen mande Elohim (Bondye) ki bay espwa a pou l’ fè kè nou kontan nèt, pou l’ fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Ruach Kodesh a (Sentespri a). »

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 26

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se sajès: « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezi-Kri), lè pitit nou yo manke sajès, n ap priye w pou w ede yo konprann yo dwe mande w li paske w bay san gad dèyè e san w pa kritike. »

Vèsè:

Jak 1:5

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l’ mande Elohim(Bondye), Elohim(Bondye) va ba li li. Paske, Elohim(Bondye) bay tout moun san mezire, pou gremesi.

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 27

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se Pasyon pou Elohim (Bondye): « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezikri), n ap priye w pou w mete nan tèt pitit nou yo yon nanm ki « anvi w », ki atache ak kè l ak nanm l ak ou. »

Vèsè:

Sòm 42:2

Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m’ ava ale pou m’ adore Bondye lakay li?

Plenn 3:25

Seyè YaHWeH a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k’ap konte sou li.

Family of four praying together on a garden bench with white doves flying nearby.

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 28

Jodi a se 2 avril 2026.

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se oto-disiplin: « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezi-Kri), n ap priye w pou pitit nou yo viv yon vi ki gen disiplin ak pridan, k ap fè sa ki jis ak ekitab. »

Vèsè:

Pwovèb 1:3

Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi.

1 Korint 10:13

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l’, pou nou ka soti anba li.

1 Tesalonik 5:6

Se sak fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.

A family of four holds hands and prays together around a wooden kitchen table.

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 29

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se atitid priyè a: « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezi-Kris), n ap priye w pou lavi pitit nou yo make ak priyè, pou yo aprann priye dapre direksyon Ruach Kodesh la (Sentespri a) nan tout okazyon, ak tout kalite priyè. »

Vèsè:

1 Tesalonik 5:17

Pa janm sispann lapriyè.

A Black Nazarene Israelite family prays at a coastal Passover Seder during sunset.

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 30

Sijè lapriyè a

Sijè priyè a se rekonesans: « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezi-Kris), n ap priye w pou w ede pitit nou yo viv yon lavi ki toujou debòde ak rekonesans e ki toujou di Elohim (Bondye, Papa nou) mèsi pou tout bagay. »

Vèsè:

Sòm 107:8

Se pou yo di Seyè YaHWeH a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.

Efèz 5:20

Nan non Seyè nou an, Yeshua Ha Mashiah (Jezikri), se tout tan pou n’ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.

Kolòs 2:2

M’ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Elohim (Bondye) a, pou yo gen yon bon konprann k’ap ba yo anpil konfyans devan Elohim (Bondye). Konsa yo menm tou, y’a konnen sekrè travay Elohim(Bondye) a, ki vle di Mashiah(Kris la).

31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 31

Sijè lapriyè a

Dènye jou sesyon priyè sa a ki dire yon mwa pou timoun nan fanmi nazareyen yo.

Sijè priyè a se obeyisans devan Elohim (Bondye): « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezi-Kris), n ap priye w pou w raple pitit nou yo pou yo obeyi w, olye pou yo obeyi lòm.»

Travay 5:29

« Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n’ obeyi Bondye pase pou n’ obeyi moun. »

A child and crowd walk toward a large glowing cross of light in a forest.

Laisser un commentaire