#Jou2 Yè sete 7 mas 2026 (Shabbat)
Sije priye a:
Sijè lapriyè a se kwasans nan favè: « ann nou priye pou pitit nou yo grandi nan favè ak konesans Papa nou ki nan syèl la-Adonai Yahweh nou an ak Sovè Yeshua Ha Mashiah ».
Vèsè:
2 Piè 3:18
« Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn ».
#Jou 3 Jodi a se 8 mas 2026
Sijè lapriyè a se Charite: « Papa nou ki nan syèl la-Adonai Yahweh, nou priye pou pitit nou yo aprann viv yon lavi lanmou, atravè Ruah Kodesh (Lespri Bondye a) epi pou Li rete nan yo. »
Vèsè:
Galat 5v25
« Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n’ kite li dirije lavi nou nan tout bagay. »
Efezyen 5v2
« Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l’ la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l’ pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k’ap fè Bondye plezi ak bon sant li. »
Published by
Cyril HERMANTIN
Mwen se Cyril HERMANTIN, 50 an, mwen fèt ankò nan Kris depi 23 mas 1997, mwen se papa yon fanmi, 4 pitit e mwen marye depi 20 an. Sa ki fè m pasyone depi konvèsyon mwen se travay Yeshua Ha Mashiah, Sovè nou an (Jezi Kris la jan yo pi byen konnen l nan mond lan) nan lavi nou, transfòmasyon li fè atravè gras li.
Laisser un commentaire