31 jou lapriyè pou pitit nou yo #Jou 30

Jodi a se 4 avril 2026.

Sijè lapriyè a

Jodi a se chabà 4 avril 2026. Se sabat 7yèm jou chak semèn nan, men se 1ye jou fèt pen san levren an tou (חג המצות Hag Hamatsot) pou Nazareyen Izrayelit yo.

Sijè priyè a se rekonesans: « Papa nou ki nan syèl la, nan non Yeshua (Jezi-Kris), n ap priye w pou w ede pitit nou yo viv yon lavi ki toujou debòde ak rekonesans e ki toujou di Elohim (Bondye, Papa nou) mèsi pou tout bagay. »

Vèsè:

Sòm 107:8

Se pou yo di Seyè YaHWeH a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.

Efèz 5:20

Nan non Seyè nou an, Yeshua Ha Mashiah (Jezikri), se tout tan pou n’ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.

Kolòs 2:2

M’ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Elohim (Bondye) a, pou yo gen yon bon konprann k’ap ba yo anpil konfyans devan Elohim (Bondye). Konsa yo menm tou, y’a konnen sekrè travay Elohim(Bondye) a, ki vle di Mashiah(Kris la).

Dramatic sunbeams break through dark clouds over a distant city and silhouetted figures.

Published by

Laisser un commentaire